Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 92:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Sa bon nèt pou nou di Senyè a mèsi, pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.

Gade chapit la Kopi




Sòm 92:1
22 Referans Kwoze  

Louwe SENYÈ a! Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an. Paske se agreyab epi lwanj Li se dous.


O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.


Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.


Beni SENYÈ a, paske SENYÈ a bon. Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.


Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo! Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.


Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen. Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen, Pou m kab pale tout zèv Ou yo.


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a, pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Mwen va bay Ou remèsiman pou tout tan, paske Ou te fè sa. Mwen va mete espwa nan non Ou, paske sa bon nan prezans a fidèl Ou yo.


“O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou.


Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.


Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou Lanmou dous Li a ak pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!


Avèk bòn volonte, mwen va fè sakrifis a Ou. Mwen va bay remèsiman a non Ou, O SENYÈ, paske li bon.


Men Ou menm O SENYÈ, Ou an wo jis pou tout tan.


Sila ki ofri yon sakrifis remèsiman onore M, epi a sila ki fè chemen li dwat la, Mwen va montre li sali Bondye a.”


Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.


Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.


Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite