7 Men SENYÈ a la jis pou tout tan; Li te etabli twòn Li pou jijman.
7 (8) Men Senyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fòtèy li la pou l fè jistis.
Men Ou menm, O SENYÈ, Ou dire jis pou tout tan E non Ou jis a tout jenerasyon yo.
SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la e souverènte li regne sou tout bagay.
Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.
Avan mòn yo te vin parèt, oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a, menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.
Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou.
Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.