Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 9:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Se ou menm k'ap fè m chante, se ou menm k'ap fè kè m kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 9:2
18 Referans Kwoze  

Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m. Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.


pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo.


Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo sou lènmi m ki antoure m yo. Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa. Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.


SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. Kè m mete konfyans nan Li, e mwen jwenn sekou. Pou sa, kè m leve wo nèt. Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.


Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a, Bondye lajwa m ki depase limit lan. Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj, O Bondye, Bondye mwen an.


Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan. Kite yo toujou chante ak kè kontan, akoz Ou fè abri pou yo. Kite sila ki renmen non Ou yo kapab fè kè kontan nan Ou.


Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a selon ladwati Li. Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.


pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.


Mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.


Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a, pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,


Paske Ou menm, O SENYÈ, te fè m kontan avèk sa Ou te fè a. Mwen va chante chan viktwa a akoz zèv men Ou yo.


Pale glwa Li pami nasyon yo, zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.


Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e bay remèsiman a non sen Li an.


Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè. Ou leve pi wo anpil pase tout dye yo.


“O wa, Bondye Pi Wo a te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou.


Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite