Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 80:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 O Bondye, restore nou! Fè vizaj Ou briye sou nou e nou va sove.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.

Gade chapit la Kopi




Sòm 80:3
12 Referans Kwoze  

Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”


Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a, e enstwi mwen nan règleman Ou yo.


Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?” SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!


O Bondye, Ou te rejte nou. Ou te kraze nou. Ou te fache. O restore nou ankò.


Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——


O prete zòrèy Ou, Bèje Israël la, Ou menm ki mennen Joseph tankou yon twoupo, Ou menm ki chita sou twòn anwo cheriben yo, se pou ou briye.


O SENYÈ dezame yo, restore nou. Fè figi Ou briye sou nou e nou va sove.


O Bondye dèzame yo, restore nou! Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.


Restore nou, O Bondye a sali nou an, e fè endiyasyon Ou anvè nou, sispann.


Restore nou a Ou menm O SENYÈ, pou nou ka vin restore. Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite