Epi sa va sèvi kòm yon sign pou ou sou men ou, e kòm yon souvni nan fon ou, pou lalwa SENYÈ a kapab nan bouch ou; paske se te avèk yon men pwisan ke SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte.
Èske se pa pawòl ke nou te pale ou an Égypte la lè nou te di: ‘Pa deranje nou pou nou ka sèvi Ejipsyen yo?’ Paske li t ap pi bon pou nou pou sèvi Ejipsyen yo pase pou nou ta mouri nan dezè a.”
Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.