Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 73:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Anverite, se an ven mwen te kenbe kè m san tach, ak lave men m nan inosans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m pou m pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m nan move zafè?

Gade chapit la Kopi




Sòm 73:13
12 Referans Kwoze  

‘Se kilès Toupwisan an ye pou nou ta sèvi Li, e ki rekonpans nou ta twouve si nou ta priye anvè Li?’


Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun lè l pran plezi li nan Bondye.’


Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou? Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’


Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen, ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,


Mwen gen tan fin jije koupab. Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?


malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la, e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.


Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach, ki pa leve nanm li vè sa ki fo, ni ki pa fè fo temwayaj.


Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,


Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ, epi refè yon lespri ki dwat anndan m.


“Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo?


Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite