Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 73:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Gade byen, sila yo se mechan yo ye. Konsi, toujou alèz, yo te agrandi richès yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou richès.

Gade chapit la Kopi




Sòm 73:12
11 Referans Kwoze  

“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


“Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak lèn fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.


Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.


Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”


Pa mete konfyans nan peze kou moun desann. Ni pa mete fo espwa nan vòlè. Si richès nou ogmante, pa mete kè nou sou yo.


Malgre sila ki mete konfyans nan richès yo, ak ògeye nan kantite fòs lajan yo—


Mwen konn wè yon nonm mechan e vyolan Ki gaye kò l tankou yon gwo pyebwa nan tè peyi natal li.


Depi nan men mesye yo avèk men Ou, O SENYÈ, depi nan men lòm de mond sa yo, k ap resevwa pòsyon pa yo nan vi sa a. Men Ou menm plen vant a sila Ou renmen yo. Fis ou yo gen kont, e yo mete an rezèv pou pitit pa yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite