Degoute depi anwo, O syèl yo, e kite nwaj yo vide fè ladwati desann. Kite latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi, pou fè ladwati vòltije monte avè l. Mwen, SENYÈ a te kreye l.
A la bèl sou mon yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la, ki anonse lapè, ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan, ki anonse Sali, ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
Olye bwonz, Mwen va pote lò; olye fè, Mwen va pote ajan; olye bwa, Mwen va pote bwonz e olye wòch, Mwen va pote fè. Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou e ladwati kon konseye ou.
“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.
Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. Nan kolin yo, se lèt ki va koule; tout ravin nan Juda va gen dlo, epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a pou awoze vale a Sittim nan.