Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 71:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Devni pou mwen wòch abitasyon mwen an, kote mwen kab vini tout tan. Ou te pase lòd pou sove mwen, paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Se ou menm ki twou wòch kote pou m kache. Se ou menm ki pou sèvi m ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 71:3
17 Referans Kwoze  

SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò; moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.


Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou, menm Pi Wo a, kote pou ou rete.


Bondye etènèl la se kote pou nou kache. Pa anba, se bwa Li ki la pou tout tan. Li te chase lènmi an devan nou; Li te di: ‘Detwi!’


Se Ou menm ki Wa m, O Bondye. Òdone viktwa pou Jacob.


SENYÈ a va òdone lanmou dous Li a nan lajounen, chan Li yo va avèk mwen pandan nwit lan: Yon lapriyè a Bondye lavi mwen an.


Li va demere nan wotè yo; pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche. Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.


Bondye ou a te kòmande fòs Ou. Montre Ou dyanm, O Bondye, nan sa Ou te fè pou nou menm.


Konplètman, touye granmoun, jenn gason, jenn fi, timoun yo ak fanm, men pa touche okenn moun ki gen mak la. Kòmanse soti nan sanktyè pa M nan.” Konsa, yo te kòmanse ak ansyen ki te devan tanp yo.


Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, Fòterès mwen ak liberatè mwen an, Boukliye mwen an nan sila mwen kache a, Ki soumèt pèp mwen an anba m.


Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye pandan tout jenerasyon yo.


Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.


Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen, pi wo pami tout wa latè yo.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite