Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 68:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Kon lafimen konn chase, konsa, chase yo. Kon lasi kon fonn devan dife, konsa, kite mechan yo peri devan Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.

Gade chapit la Kopi




Sòm 68:2
17 Referans Kwoze  

Konsa, Joab avèk moun ki te avèk li yo te rapwoche nan batay la kont Siryen yo e yo te sove ale devan yo.


Men Siryen yo te sove ale devan Israël. David te touye sèt-san mèt a cha Siryen, karant-mil chevalye e te frape fè desann Schobac, kòmandan lame pa yo a, e li te mouri la.


Mwen vin vide tankou dlo. Tout zo m fin dejwente.


Men mechan yo va peri. Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo. Yo va vin disparèt. Tankou lafimen, yo ale nèt.


Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?


Li fin brile ak dife. Li fin koupe atè nèt. Yo peri ak repwòch devan Ou.


Mòn yo fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a, devan prezans SENYÈ tout latè a.


Lè bri zen an vin leve, pèp yo sove ale. Lè Ou fè leve Ou menm, nasyon yo gaye.


tankou dife anflame touf bwa chan an, tankou dife fè dlo bouyi. Fè non Ou rekonèt a advèsè Ou yo, pou nasyon yo ka tranble devan prezans Ou!


Paske mechanste brile tankou dife; li manje ni pikan ni raje. Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.


Poukisa mesye pwisan nou yo vin pwostène? Yo pa kanpe akoz SENYÈ a te pouse yo desann.


Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an ak lawouze k ap disparèt bonè, tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, e tankou Lafimen soti nan chemine.


Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.


Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite