Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 59:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Detwi yo nan kòlè Ou! Detwi yo pou yo disparèt nèt. Pou Moun kab konnen se Bondye k ap renye sou Jacob, jis rive sou tout latè. Tan

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 (14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 59:13
21 Referans Kwoze  

Alò, O SENYÈ, Bondye nou an, mwen priye Ou, delivre nou nan men li pou tout wayòm sou latè yo kab konnen Ou sèl, O SENYÈ, se Bondye a.”


Bouch li plen ak malediksyon, avèk twonpe moun avèk oprime moun. Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.


Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!


Anplis, li te renmen bay madichon. Konsa, madichon an te retounen sou li. Li pa t renmen beni. Konsa, sa te rete lwen l.


Pa fin touye yo, sinon moun mwen yo ka bliye. Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann, O SENYÈ, boukliye nou an.


Nan moman sa a, tout moun va krent. Konsa, yo va deklare zèv Bondye yo. Ak sajès yo va konsidere sa Li te fè a.


Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli sila ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.


pou yo kapab konnen ke se Ou menm sèl ki pote non “Bondye”, Pi Wo sou tout tè a.


Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li; men moun dwat la va evite pwoblèm.


Paske mari ou se Kreyatè ou a; yo rele L SENYÈ dèzame yo. Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la. Yo rele Li Bondye a tout latè a.


Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


“‘“Non sen Mwen an, Mwen va fè Li vin rekonèt nan mitan pèp Mwen an, Israël. Konsa, Mwen p ap kite non Mwen vin pwofane ankò. Nasyon yo va konnen ke Mwen se Senyè a, Sila Ki Sen an Israël la.


Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito.


Konsa, chalè a SENYÈ a te brile kont Israël, e Li te fè yo vin egare nan dezè a pandan karantan, jiskaske tout jenerasyon sa a pami sila ki te fè mal nan zye SENYÈ a yo, te vin detwi.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite