Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 (9) Senyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m. Pran men m pou m ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m wè chemen ou mete devan m lan, fè m wè l aklè.

Gade chapit la Kopi




Sòm 5:8
16 Referans Kwoze  

Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ. Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.


Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou. Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.


Montre m chemen Ou an, O SENYÈ. Mwen va mache nan verite Ou. Fè kè m dispoze pou krent non Ou.


Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt.


Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ. Enstwi m règleman Ou yo. TETH


Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di: “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan, Prepare chemen Bondye a! Fè chemen Li yo dwat”!


Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m. Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.


Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache. Pa janm kite mwen vin wont. Nan ladwati Ou, delivre mwen.


epi fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.


Li va rekonpanse mal a lènmi mwen yo. Detwi yo nan fidelite Ou.


Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”


Mwen va pwostène mwen vè sen tanp Ou a, e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a; Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.


Dlo te antoure mwen jiskaske m rive nan pwen lanmò. Gwo pwofondè a te vale mwen; zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite