Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen. Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo. M aptann, m ap veye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Chak maten ou tande vwa m. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 5:3
15 Referans Kwoze  

Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou. Mwen ap tann pawòl Ou yo.


Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye. Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.


Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.


Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis pase gadyen k ap tann maten rive a. Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.


Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen. Li va tande vwa m.


Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou. Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans; paske lè jijman Ou yo rive sou latè, sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.


Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon; Selon grandè a mizerikòd Ou, vire kote mwen.


O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.


akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li. Li te tande kri a aflije yo.


Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak; Nan non Ou, nou va pile fè desann sila ki leve kont nou yo.


Men Bondye se Wa mwen depi nan tan ansyen yo. Li te fè zèv delivrans nan mitan latè.


A la beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni! Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.


SENYÈ, koute vwa mwen! Kite zòrèy Ou rete atantif a vwa siplikasyon mwen yo.


Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.


Ou te tande vwa m: pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou, ak kriyè mwen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite