Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 48:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Bèl nan wotè li, jwa tout latè a, se Mòn Sion nan pati nò a, Vil gran Wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 48:2
21 Referans Kwoze  

Ke SENYÈ a beni soti nan Sion, Sila ki abite Jérusalem nan, Beni SENYÈ a!


Soti nan Sion, bèlte pafè a, Bondye fè limyè Li parèt.


Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion.


Yo pale sou gran mèvèy ou, O gran vil Bondye. Tan


Egzalte SENYÈ, Bondye nou an! Adore nan mon sen Li an, paske sen se SENYÈ a, Bondye nou an!


Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo!


Alò, li va vin rive nan dènye jou yo, ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo. Li va leve pi wo pase kolin yo, e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.


Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.


“Fè kè kontan ak Jérusalem, e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo. Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,


“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”


Tout moun ki pase akote chemen an bat men yo pou moke ou. Yo sifle anlè kon koulèv sou fi Jérusalem nan, epi yo di: “Men èske se vil sa a yo te konn rele ‘pèfeksyon a bèlte a, yon jwa de tout tè a’?”


nan jou sa a, Mwen te sèmante a yo menm pou mennen fè yo sòti nan peyi Égypte, pou antre nan yon peyi ke M te chwazi pou yo, ki koule lèt avèk siwo myèl, ki se glwa a tout peyi yo.


Men sila ki vini kont li an va fè sa li pito, e nanpwen moun ki ka kanpe devan li. Konsa, li va kanpe nan peyi laglwa a, e nan men li va gen destriksyon.


Li va fè monte tant a palè li a antre lanmè a ak Mòn Sen Laglwa a. Malgre sa, li va rive nan fen li e nanpwen moun k ap bay li soutyen.


Youn nan kòn yo te parèt yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè peyi laglwa a.


“Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.”


“Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.


ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a.


Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite