Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 47:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li fè soumèt pèp yo anba nou, ak nasyon yo anba pye nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Li fè nou donminen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 47:3
14 Referans Kwoze  

Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.


Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.


SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote men dwat Mwen Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”


Mwen ta soumèt lènmi yo byen vit e ta vire men m kont advèsè yo.


ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.


Beni ou ye, O Israël! Kilès ki sanble avèk ou, yon pèp delivre pa SENYÈ a, ki se pwotèj k ap ba ou sekou a ki se nepe a majeste ou? Konsa, lènmi ou yo va vin kraponnen devan ou, e ou va foule wo plas yo.”


Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo.


Vini pou wè zèv Bondye yo. Zèv etonnan anvè fis a lòm yo.


Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.


SENYÈ a gran nan Sion. Li leve wo anwo tout pèp yo.


Se kilès ki pa ta krent Ou, O Wa a nasyon yo? Anverite, se sa Ou merite! Paske pami tout moun saj nan nasyon yo, ak nan tout wayòm yo, nanpwen okenn tankou Ou.


Epi SENYÈ a va wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.


“Men malè pou sila k ap twonpe a, ki gen nan bann mouton li an, yon mal, ki fè sèman pou livre li, men ki anfen, fè sakrifis bay SENYÈ a ak yon bèt ki gen defo. Paske Mwen se yon gwo Wa,” pale SENYÈ Dèzame yo, “e non Mwen etonnan pami nasyon yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite