Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 45:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Ou pi bo pase tout lòt nan fis a lòm yo. Lagras debòde sou lèv ou. Pou sa, Bondye te beni ou jis pou tout tan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 (3) Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.

Gade chapit la Kopi




Sòm 45:2
19 Referans Kwoze  

Epi tout moun t ap pale byen de Li, e yo te etone akoz pawòl a gras ki ap tonbe soti nan lèv Li. Yo t ap di: “Se pa fis a Joseph la?”


Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen inosan, san tach, separe de pechè yo e egzalte piwo ke syèl yo;


Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”


Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.


E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.


Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè, se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo. Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita; konsa fwi li te dous nan gou m.


Sila ki renmen kè ki san tach e ki pale ak gras, va zanmi a wa a.


Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè.


Paske a la gran, bonte Li va gran, e a la gran, bèlte Li va gran! Sereyal la va fè jenn mesye yo pwospere ak diven nèf pou vyèj yo.


Lespri Senyè BONDYE a sou mwen, akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo. Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo, pou pwoklame libète a kaptif yo e delivrans a prizonye yo;


Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo, pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige. Li fè M leve maten apre maten, Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.


pou ou kab kenbe sajès e pou lèv ou ka konsève konesans.


Zye nou va wè Wa a nan tout bèlte Li. Yo va wè yon peyi ki byen lwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite