Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 32:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Lè m te kenbe silans selon peche mwen, kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Tank mwen pa te ko vle rekonèt peche mwen yo, se tank tou mwen t'ape cheche sou pye. Tout lajounen mwen t'ap plenn.

Gade chapit la Kopi




Sòm 32:3
26 Referans Kwoze  

Mwen pa kab santi anyen ankò. Mwen fin kraze nèt. Vwa m plenyen akoz kè m ajite.


Nanpwen anyen ki ansante nan chè m, akoz endiyasyon Ou. Nanpwen lasante nan zo m yo akoz peche mwen.


Menm lè m kriye e rele sekou, Li fèmen lapriyè m deyò.


Bondye mwen, Bondye mwen, poukisa Ou te abandone m? Kri a doulè sa a lwen delivrans mwen.


Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.


Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè; men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.


Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.


Fè m tande lajwa avèk kè kontan, pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.


Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen, Li te kase zo m yo.


Juda antre an egzil anba gwo opresyon; anba esklavaj byen di. Li demere pami nasyon yo; pou repo, nanpwen. Tout sila k ap pesekite l yo, fin sezi li nan mitan gwo twoub li.


Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.


Fis ou yo vin endispoze; yo kouche atè sou pwent a chak ri, tankou antilòp ki kenbe nan pèlen. Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a, ak repwòch Bondye ou a.


Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen chagren anpil. Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,


Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m, e sa yo kap manje m pa pran repo.


Paske soupi mwen yo parèt menm moman manje a rive devan ze m. Epi kri mwen yo vide tankou dlo.


Lè tan kriye a te fini, David te voye mennen li lakay li, li te devni madanm li, e li te fè yon fis pou li. Men bagay ke David te fè a te mal nan zye SENYÈ a.


Akoz inikite gwo lanvi li, Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li. Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache. Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.


Yo te pran zo yo e te antere yo anba pye tamaren Jabès la e yo te fè jèn pandan sèt jou.


Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite