6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
6 (7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m toupatou.
Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou?
Malgre mwen ta mache nan vale lonbraj lanmò a, mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m. Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
SENYÈ dèzame yo avèk nou. Bondye Jacob la se sitadèl nou.
Moun Israël yo te bat la devan sèvitè a David yo e masak la te byen gwo, ven-mil òm.
Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè ta chanje e malgre mòn yo ta chape antre nan fon lanmè.
Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:
Lè ou kouche ou p ap pè; kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
Lè ou mache toupatou, yo va gide ou. Lè ou dòmi, yo va veye sou ou. Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.