Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 28:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele! Wòch mwen an, pa vin soud devan m, paske si Ou rete silan devan mwen, mwen va devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (1b) Senyè, se ou menm ki twou wòch kote m kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.

Gade chapit la Kopi




Sòm 28:1
21 Referans Kwoze  

Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.


SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen; Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.


Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo, menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.


O Bondye, pa rete an silans. Pa fè silans, O Bondye. Pa rete trankil.


Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.


Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan, paske nan BONDYE SENYÈ a, nou gen yon Wòch etènèl.


Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a, e lavi m va wè limyè a.’


Paske Sejou mò yo p ap ka remèsye Ou. Lanmò menm p ap ka bay Ou lwanj. Sila ki desann nan fos yo p ap ka gen espwa fidelite Ou.


Ou te wè sa, O SENYÈ, pa rete an silans O SENYÈ, pa rete lwen m.


“Ki benefis ki genyen nan san mwen si mwen desann nan gwo fòs la? Èske pousyè a kab louwe Ou? Èske li va deklare fidelite Ou?


O Bondye mwen, mwen kriye pandan lajounen, men Ou pa reponn. E nan lannwit men m pa jwenn repo.


Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen; Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan


Vwa m leve vè Bondye! Mwen kriye pou sekou. Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.


Pa kite inondasyon dlo yo vin anvayi mwen, ni fon an vale m, ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.


Koute bri kri sekou mwen yo, Wa mwen e Bondye mwen. Pou Ou menm, mwen ap priye.


Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a. Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.


Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e prete zòrèy Ou a kri mwen. Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m. Paske mwen se yon etranje devan Ou, yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.


Mwen va di a Bondye, wòch mwen an: “Poukisa Ou te bliye mwen? Poukisa mwen antre nan tristès akoz opresyon lènmi an?”


Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo. Bay remèsiman a sen non Li.


Mwen vide plent mwen yo devan L. Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite