7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo.
7 pou m fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m rakonte tout bèl bagay ou yo.
Pale glwa Li pami nasyon yo, gran mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
Chante a Li menm. Chante lwanj a Li. Pale sou tout mèvèy Li yo.
Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen. Mwen va antre nan yo. Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.
SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè. Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.
Fè m konprann chemen òdonans Ou yo, pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
Leve men nou vè sanktiyè a, e beni SENYÈ a.
Sou bèlte e glwa a majeste Ou avèk zèv mèvèy Ou yo, mwen va reflechi tout tan.
Beni se SENYÈ Bondye a, Bondye Israël la! Li sèl ki fè mèvèy!
Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ak tout kè m; Mwen va pale tout mèvèy Ou yo.
pou m kab pale tout lwanj a Ou menm. Konsa, nan pòtay a fi Sion yo, mwen kapab rejwi nan delivrans Ou.
Mwen va fè kè kontan e rejwi nan Ou; Mwen va chante lwanj non Ou, O Pi Wo a.
Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti.
Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a.