Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 26:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Fouye m, Senyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m. Wè tou sa ki nan lide m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 26:2
8 Referans Kwoze  

Alò, mete fen a mechanste malfektè yo, men etabli sila ki dwat yo. Paske se ladwati Bondye ki fè prèv nan kè avèk panse moun.


Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.


Fè m wè fòs kantite inikite mwen yo avèk peche m yo? Fè m rekonèt rebelyon mwen ak peche m yo.


“Konsa, Mwen va mennen fè pase twazyèm pati a nan dife. Mwen va rafine yo tankou yo rafine ajan, e pase yo a leprèv tankou lò. Yo va rele non Mwen, e Mwen va tande yo. Mwen va di: ‘Yo se pèp Mwen’, e yo va di: ‘SENYÈ a, se Bondye mwen an.’”


Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.


Sepandan, O SENYÈ dèzame yo, Ou menm ki sonde moun dwat yo, ki wè panse ak kè a; kite mwen wè vanjans Ou sou yo; paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite