Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 24:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te fonde li sou lanmè yo, e te etabli li sou rivyè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l chita sou gwo larivyè yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 24:2
14 Referans Kwoze  

Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


a Sila ki te ranje tè a anwo dlo yo, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.” Anverite, mond lan etabli byen solid. Li p ap ebranle menm. SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.


“Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan? Pale si ou gen bon konprann,


Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt: pa souf a bouch Li, tout lame syèl yo.


“Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”


Nan men Sila pwofondè latè yo ye a. Pwent mòn yo osi se pou Li.


SENYÈ a renye! Li abiye an majeste! SENYÈ a te abiye Li ak fòs. Anverite, mond lan etabli byen solid. Li pa ebranle menm.


Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo. Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite