Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 21:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 (4) Ou vin bò kote l avèk anpil benediksyon, ou mete yon kouwòn fèt ak bon lò sou tèt li.

Gade chapit la Kopi




Sòm 21:3
16 Referans Kwoze  

Li te pran kouwòn a wa pa yo a soti nan tèt li. Li te peze yon talan (anviwon trann-kat kilo) an lò, e ladann yon kantite pyè presye. Yo te mete li sou tèt David. Epi li te mennen piyaj la deyò vil la an gran kantite.


Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabés Galaad ki te antere Saül yo.”


Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.


David te retire kouwòn a wa pa yo soti sou tèt li. Li te twouve ke li te peze yon talan lò, e te gen pyè presye yo ladann. Konsa, yo te plase li sou tèt a David. Konsa, li te mennen fè sòti piyaj nan vil la, yon trè gran kantite.


“Alò, pou sa, leve, O SENYÈ Bondye, a plas repo pa Ou a, Ou menm avèk lach pwisan pa Ou a. Kite prèt Ou yo, SENYÈ Bondye, abiye avèk sali, e kite fidèl Ou yo rejwi nan tout sa ki bon.


Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li? Tout bagay anba tout syèl la se pa M.


Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen, men SENYÈ a te pwotèj mwen.


Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou. Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo. Ke SENYÈ a kapab akonpli tout priyè ou yo.


Men a la gran, bonte ke Ou te konsève pou sila ki krent Ou yo, ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!


Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m. Bondye va kite mwen triyonfè sou advèsè mwen yo.


Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay pou Li kapab repeye li ankò?”


Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans?


Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo.


Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.


Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm.


Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt. Epi Samuel te leve pou te ale Rama.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite