Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 21:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (2) Wa a kontan, Senyè, dèske ou te ba li fòs kouray. Wa a kontan nèt dèske ou fè l genyen batay la.

Gade chapit la Kopi




Sòm 21:1
14 Referans Kwoze  

Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.


Delivre nou O SENYÈ! Ke Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.


SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen. Kè m mete konfyans nan Li, e mwen jwenn sekou. Pou sa, kè m leve wo nèt. Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.


Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye. Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.


Men Wa a va rejwi nan Bondye. Tout moun ki sèmante pa Li menm yo, va twouve glwa. Paske bouch a sila ki bay manti yo, va fèmen.


O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen. Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.


O vini, annou chante a SENYÈ a! Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;


Pwisans a Wa a renmen lajistis. Ou te etabli ekite. Ou te fè jistis ak ladwati Ou vin rive nan Jacob.


“Kote sila ki fèt Wa a Jwif yo a? Nou gen tan wè zetwal Li nan pati lès la, e nou vini pou adore Li.”


ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite