Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann. Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.

Gade chapit la Kopi




Sòm 2:10
10 Referans Kwoze  

Fi Tyr la va vini avèk yon kado. Moun gwo riches pami pèp yo k ap chache favè ou.


Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo, e fi yo kon manman nouris. Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè, pou niche pousyè nan pye ou. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; sila ki tann Mwen yo p ap vin wont.”


Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon. Wa yo va pe bouch yo pou koz Li; paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l, e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.


Nasyon yo va vin kote limyè ou a, e wa yo nan klète lè ou leve a.


Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”


Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.


Epi sa va rive ke nenpòt moun nan fanmi sou latè yo ki pa monte Jérusalem pou adore Wa a, SENYÈ Dèzame yo, Lapli p ap tonbe sou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite