Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
Senyè a va gwonde soti nan Sion, e va sone vwa Li soti Jérusalem. Syèl yo ak tè a va tranble, men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a, ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
Leve zye nou vè syèl la e gade anba vè latè; paske syèl la va disparèt tankou lafimen; latè va epwize tankou yon vètman. Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri; men delivrans Mwen va la jis pou tout tan, e ladwati Mwen p ap janm sispann.
Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.