“Nou va di devan SENYÈ a, Bondye nou an, ‘Mwen te retire pòsyon sen ki te lakay mwen an; epi osi, mwen te bay li a Levit la ak etranje a, avèk òfelen ak vèv la, selon tout kòmandman Ou yo, ke Ou te kòmande mwen. Mwen pa t vyole ni bliye okenn nan kòmandman Ou yo.
Mwen pa t manje ladann pandan lamantasyon mwen, ni mwen pa t retire anyen ladann pandan mwen pa t pwòp, ni pa t ofri anyen nan li a mò yo. Mwen te koute vwa SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te fè selon tout sa ke Ou te kòmande mwen yo.