Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 17:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Leve non, Senyè. Mache pran lènmi m yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m anba men mechan yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 17:13
16 Referans Kwoze  

Leve O SENYÈ! O Bondye, leve men Ou wo! Pa bliye aflije yo!


Se lè pou Ou aji, SENYÈ, paske yo te vyole lalwa Ou a.


Delivre nanm mwen devan nepe a, lavi mwen devan pouvwa a chen an.


Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.


Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ? Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.


Leve monte! Bay nou sekou! Rachte nou pou koz lanmou dous Ou a.


Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo. Leve Ou menm pou mwen; Ou menm ki te etabli jijman an.


Se kilès ki va kanpe pou mwen kont malfektè yo? Se kilès ki va pran pozisyon li pou mwen kont sila ki fè mechanste yo?


Èske rach la fèt pou vin ògeye sou sila ki koupe avè l la? Èske si a konn egzalte tèt li sou sila ki manevre l la? Sa ta sanble ak yon baton ki voye sila ki leve l la, oswa tankou yon baton ki leve sa ki pa fèt ak bwa a.


Malè a Assyrie, baton kòlè Mwen an, e zouti pou kòlè Mwen an.


Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou detwi tout peyi a.


“Èske ou pa t tande? Lontan sa, Mwen te fè li; depi nan tan ansyen yo, Mwen te planifye sa. Koulye a Mwen fin fè l rive, pou ou ta fè gwo vil fòtifye yo vin tounen gwo pil mazi.


“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a; leve tankou nan jou lansyen yo. Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a, ki te frennen dragon an nèt la?


Èske se pa nan letènite Ou sòti, O SENYÈ, Bondye mwen an, Sila Ki Sen mwen an? Nou p ap mouri. Ou menm, O SENYÈ, Ou te dezinye yo pou jijman an. Ou menm, O Woche a, Ou te etabli yo pou pinisyon.


pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite