Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 135:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo. Ki fè rive loray avèk lapli yo, ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Li fè nyaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo sòti kote li sere yo a.

Gade chapit la Kopi




Sòm 135:7
15 Referans Kwoze  

Lè Li fè vwa L sone, dlo yo mele nan syèl yo. Li fè nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a. Li fè loray pou lapli, e Li fè van sòti nan depo Li yo.


Mande pou lapli ki sòti nan SENYÈ a nan epòk prentan. Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo; epi se Li ki bay lapli lejè a tout pou jaden plant yo.


Lè vwa L sone, yon gwo kaskad dlo desann nan syèl yo, e Li fè nwaj monte soti nan dènye pwent latè yo. Li fè loray pou lapli, e mennen van parèt sòti nan depo Li yo.


Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”


Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj, van tanpèt ki akonpli pawòl Li yo.


Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.


Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli? Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo? Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an? Akoz sa, nou mete espwa nan Ou, paske se Ou ki te fè tout bagay sa yo.


Paske Li te pale e fè leve yon gwo van tanpèt, ki te fè leve gwo vag lanmè yo.


Li bay lapli sou tè a, e voye dlo sou chan yo,


Alò, li te rive apre anpil jou ke pawòl SENYÈ a te vini a Élie nan twazyèm ane a. Li te di: “Ale, montre ou menm a Achab e Mwen va voye lapli sou fas tè a.”


Li te fè van lès la vante nan syèl yo e avèk pwisans Li, Li te dirije van sid la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite