Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 118:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a; SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Nan tray mwen te ye a, mwen rele Senyè a, li reponn mwen, li delivre m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 118:5
15 Referans Kwoze  

Epi Jacob te vin pè anpil, e byen twouble. Li te divize moun ki te avè l yo, bann mouton, twoupo bèf ak chamo pou fè de konpanyen.


Epi nan gwo pwoblèm yo, yo te rele fò a SENYÈ a. Li te delivre yo sòti nan gwo twoub yo.


Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo, e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.


Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.


Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj. Li te fè m sekou, akoz Li te pran plezi nan mwen.


SENYÈ a te byen rekonpanse mwen selon ladwati mwen. Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.


Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a, e te kriye a Bondye pou sekou. Depi nan tanp li an, li te tande vwa m. Kri mwen pou sekou devan L te rive nan zòrèy Li.


Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an. Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.


Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a. Nan nwit, mwen te lonje men m san poze. Nanm mwen te refize rekonfòte.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite