Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 113:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Depi solèy leve jiskaske li kouche, non SENYÈ a dwe louwe.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Senyè a!

Gade chapit la Kopi




Sòm 113:3
14 Referans Kwoze  

Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj; epi mwen sove de lènmi mwen yo.


Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.


Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou adore devan Ou, O Senyè, e yo va bay non Ou glwa.


Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès e glwa Li soti kote solèy leve a; paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid. Se van SENYÈ a kap pouse l.


Jan non Ou ye a, O Bondye, Se konsa Lwanj Ou ye, jis rive nan dènye pwent tè a; Men dwat Ou plen ladwati.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


Konsa, tout wa yo va bese ba devan l, pou tout nasyon yo sèvi li.


Paske latè va ranpli ak konesans ak laglwa SENYÈ a, tankou dlo kouvri lanmè.


Sila Ki Pwisan Nèt la, Bondye, SENYÈ a, fin pale. Li rele lemonn lan soti nan leve solèy la jis rive nan kote li kouche a.


Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite