Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 109:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 M'ap fè byen pou yo, yo menm y'ap fè m mal. Mwen renmen yo, men yo menm yo rayi m.

Gade chapit la Kopi




Sòm 109:5
13 Referans Kwoze  

Yo te fenk kite vil la, e yo pa t byen lwen lè Joseph te di a chèf domestik li a: “Leve, swiv mesye sa yo. Lè nou rive sou yo, di yo konsa: ‘Poukisa nou rekonpanse mal pou byen?


Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.


Alò, yon moun te pale David e te di: “Achitophel se pami konplotè avèk Absalom yo.” Epi David te di: “O SENYÈ, mwen priye, redwi a foli tout konsèy a Achitophel la.”


Sila ki remèt mal pou byen yo se lènmi m akoz mwen swiv sa ki bon.


Pou sila ki remèt mal pou byen an, mal la p ap janm kite lakay li.


Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.


Jude, fis a Jacques; ak Judas Iscariot, ki te devni yon moun trèt.


“Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’


Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite