Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 109:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman E yo te goumen kont mwen san koz.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Kote m pase, moun ki rayi m yo ap pale m mal. Y'ap fè m lagè san mwen pa fè yo anyen.

Gade chapit la Kopi




Sòm 109:3
14 Referans Kwoze  

Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.


Paske san koz, yo te kache pèlen yo pou mwen. San koz, yo te fouye yon fòs pou nanm mwen.


Yo fin antoure mwen tankou dlo tout lajounen. Yo ansèkle m nèt.


Paske yo pa pale lapè, men yo divize pawòl nan twonpe sila ki kalm nan peyi yo.


Éphraïm antoure Mwen ak manti, e lakay Israël ak desepsyon. Men anplis, Juda toujou egare, kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.


Anpil towo vin antoure m. Towo fò a Basan yo te ansèkle m.


Koulye a, yo fin antoure nou pandan n ap mache. Yo fikse zye yo sou nou pou jete nou atè.


Epi Absalom te voye pou Achitophel, Gilonit lan, konseye David, soti nan vil pa li nan Guilo, pandan li t ap ofri sakrifis yo. Konplo a te fò, paske moun avèk Absalom yo te kontinye vin plis.


Anplis li te di: “Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m?


Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen. Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite