Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 100:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Rele fò a SENYÈ tout latè a!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 (1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

Gade chapit la Kopi




Sòm 100:1
18 Referans Kwoze  

Mwen va leve Ou wo, O Bondye mwen, O Wa a. Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.


Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis! Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.


O bat men nou ansanm, tout pèp yo. Rele fò a Bondye avèk yon vwa plen viktwa.


Bondye te monte avèk yon gwo rèl, SENYÈ a avèk son twonpèt la.


Rele fò ak lajwa a Bondye, tout latè a!


Tout latè va fè adorasyon a Ou menm. Li va chante lwanj Ou. Tout va chante lwanj a non Ou; Tan


Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan


Chante a Bondye, O wayòm sou latè yo, Chante lwanj a Senyè a, Tan


Rele fò ak jwa a SENYÈ a, tout latè! Eklate ak chanson, wi chante lwanj Li yo!


Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan!


Epi SENYÈ a va wa sou tout tè a. Nan jou sa a, SENYÈ a va yon sèl, e non Li va yon sèl.


Lè L t ap pwoche toupre kote pou desann Mòn Oliv la, tout foul disip yo te kòmanse louwe Bondye avèk jwa e avèk yon gran vwa, pou tout mirak ke yo te wè yo.


Li di ankò: “Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”


Rejwi, O nasyon avèk pèp pa Li a, paske L ap fè vanjans san a sèvitè Li yo. Li va rann vanjans sou advèsè Li yo, e fè ekspiyasyon pou peyi Li avèk pèp Li a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite