Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Leve O SENYÈ! O Bondye, leve men Ou wo! Pa bliye aflije yo!

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Leve non, Senyè! Vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo!

Gade chapit la Kopi




Sòm 10:12
15 Referans Kwoze  

Ke men ou vin leve kont advèsè Ou yo e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.


Paske Sila ki egzije san an sonje yo; Li pa janm bliye kri a sila ki oprime yo.


“Koulye a, Mwen va leve”, SENYÈ a di: “Koulye a Mwen va egzalte. Koulye a Mwen va leve wo.


O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.


Vin leve, O Jij sou tè a. Bay rekonpans a moun ògeye yo.


Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a, O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.


Èske Bondye te bliye gras Li, Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan


Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap bliye mwen jis pou tout tan? Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?


Leve, O SENYÈ, pa kite lòm vin genyen; kite nasyon yo jije devan Ou.


Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou; leve Ou menm kont raj ladvèsè mwen yo. Leve Ou menm pou mwen; Ou menm ki te etabli jijman an.


Leve, O SENYÈ! Sove mwen, O Bondye mwen! Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo. Ou te kraze dan a mechan yo.


Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.”


Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,


Leve, O SENYÈ, konfwonte li e bese li; Delivre nanm mwen de mechan yo avèk nepe Ou,


Pa livre nanm a toutrèl Ou a bèt sovaj yo. Pa bliye lavi aflije Ou yo pou tout tan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite