Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sòm 10:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li pale a tèt li: “Bondye bliye. Li kache figi Li; Li p ap janm wè sa.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Mechan yo di nan kè yo: — Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je li, li p'ap janm wè yo.

Gade chapit la Kopi




Sòm 10:11
13 Referans Kwoze  

Li di a pwòp tèt li: “Mwen p ap ebranle menm; Pandan tout jenerasyon yo, mwen p ap gen pwoblèm ditou.”


Men Ou menm, O SENYÈ, ri sou yo! Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.


Yo kenbe fèm a pwòp desen mechan yo. Yo pale sou pyèj ke y ap fòme an sekrè yo. Yo di: “Se kilès ki kab wè yo?”


Yo fè manèv pou enjistis e di: “Nou prè pou yon konplo byen fòme”. Paske panse lenteryè a moun se byen fon.


Yo di: “Kòman Bondye konnen? Eske gen konesans kote Pi Wo a?”


Yo fin di: “SENYÈ a pa wè, ni Bondye Jacob la p ap okipe sa a.”


Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal.


Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’”


Li te reponn mwen: “Inikite lakay Israël ak Juda yo vin trè trè gran. Peyi a vin plen ak san, e vil la plen ak pèvèsyon. Paske yo di: ‘SENYÈ a te abandone tout peyi a e SENYÈ a pa wè!’


Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen Sonje tout mechanste yo. Alò, zak yo ap antoure yo; yo devan figi Mwen.


Men te gen kèk nan skrib yo ki te chita la ki te rezone nan kè yo:


Alò, lè Farizyen ki te envite Li a te wè sa, li te di a pwòp tèt li: “Si mesye sa a te yon pwofèt, Li t ap konnen ki kalite moun fanm sa a ye k ap touche Li a, ke li se yon pechè.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite