Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sofoni 2:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Mwen te tande lè Moab t ap vekse nou. Ak malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Senyè a di ankò! — Mwen te tande jan moun peyi Mowab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.

Gade chapit la Kopi




Sofoni 2:8
19 Referans Kwoze  

Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te chire vant fanm ansent Galaad yo pou agrandi lizyè yo.


Konsènan fis a Ammon yo. Konsa pale SENYÈ a: “Èske Israël pa gen fis? Oswa èske li pa gen eritye? Alò poukisa Malcom te pran posesyon sou Gad, e se pèp li ki vin rete nan vil pa yo?


Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz lènmi an te pale kont nou, “Ah, ah!”, ak “Wo plas yo vin devni posesyon nou,”’


Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.


Pwofesi konsènan Moab la. Anverite nan yon sèl nwit, Ar-Moab fin devaste e detwi nèt. Nan yon sè nwit, Kir-Moab fin devaste e detwi nèt.


Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.


Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo.


Ou te tande repwòch yo, O SENYÈ, tout manèv yo kont mwen.


“Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo: “Yon nepe, yon nepe fin rale! Li klere pou masak la, pou fè l konsonmen nèt, pou li kapab tankou loray.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te brile zo a wa Édom nan pou l fè lacho.


Se sa yo va twouve kon rekonpans ògèy yo, akoz yo te vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo.


Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a.


Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis Ammon yo jis rive jodi a.


Konsènan Moab. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Malè a Nebo! Paske li fin detwi. Kirjathaïm te rive wont nèt. Li vin kaptire. Sitadèl la ki te leve byen wo a te fè wont. Li te vin kraze nèt.


Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:


Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite