Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Sofoni 2:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Se sa yo va twouve kon rekonpans ògèy yo, akoz yo te vekse, e te vin awogan kont pèp a SENYÈ dèzame yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Se sa ki pral rive moun Mowab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Senyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.

Gade chapit la Kopi




Sofoni 2:10
18 Referans Kwoze  

Li pa t kite okenn moun oprime yo. Li te bay repwòch a wa yo pou koz pa yo.


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Malgre sa, ou toujou monte tèt ou kont pèp Mwen an, lè ou refize kite yo ale.


Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.


Konsa pale SENYÈ a de tout vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo.


“Kòman nou ka di: ‘Nou se vanyan gèrye e moun plen kouraj pou batay’?


“Nou konn tande afè ògèy Moab la. Li vrèman ògeye nan ensolans li, ògèy li, awogans kè li, ak leve pwòp tèt li byen wo.


Depi nan jip li, salte a te la. Li pa t konsidere davni li. Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan. Napwan moun pou konsole l. “Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an; paske ènmi an vante tèt. Li vin ògeye!”


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël,


Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.


Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.


Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?”


Mwen te tande lè Moab t ap vekse nou. Ak malediksyon a fis Ammon yo, ke yo t ap vekse pèp Mwen an, e te fè tèt yo vin plen ògèy kont lizyè pa yo a.


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite