Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 4:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè sa a, nonm lan reponn: — Si se konsa, mwen p'ap ka achte tè a. Paske, si m achte l, pitit mwen riske pèdi nan sa m'ap kite pou yo a. Ou mèt achte l ou menm. Mwen p'ap fè zafè a ankò.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Lè sa a, nonm ki te fanmi pwòch Elimelèk la di Bowaz: “M p ap pran l ankò, m pa vle kreye pwoblèm pou byen pa m yo. M ba ou dwa pa m nan, ou mèt achte tè a.”

Gade chapit la Kopi




Rit 4:6
8 Referans Kwoze  

Konsa, Juda te di a Onan: “Antre an relasyon ak madanm a frè ou a; fè devwa ou kòm bòfrè li, e fè leve yon posterite pou frè ou.”


“Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan.


“Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’


Alò, ansyen a vil li yo va voye li pale avèk li menm frè a. Epi si li pèsiste e li di: ‘Mwen pa vle pran li,’


alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’


Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”


Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”


Li te di: “Kilès ou ye?” Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite