Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Rit 4:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

17 Medam yo ki rete nan vwazinay la rele ti gason an Obèd. Yo mache di tout moun: Nawomi gen yon lòt pitit gason. Se Obèd sa a ki pita vin gen yon pitit gason yo te rele Izayi, Izayi sa a ki te papa David.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Medam zanmi Nawomi yo bay ti gason an non. Yo di, “Kounye a SENYÈ a bay Nawomi yon pitit gason.” Yo te rele pitit la Obèd. Se Obèd ki te vin papa Jese et Jese limenm te papa David.

Gade chapit la Kopi




Rit 4:17
6 Referans Kwoze  

Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.”


Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: Pérets te fè Hetsron,


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.


Alò, David te fis a Efratit a Bethléhem nan Juda ki te rele Jesse, ki te genyen uit fis. Epi Jesse te vin granmoun, nan jou Saül yo, byen avanse nan laj pami lèzòm.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite