Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 4:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Chèf yo ak lòt moun yo di l: — Wi, nou temwen. N'ap lapriyè Senyè a pou madanm sa a, ki pral antre lakay ou a, tankou Rachèl ak Leya ki te fè anpil pitit pou Jakòb, zansèt pèp Izrayèl la. Se pou ou vin rich anpil nan branch fanmi Efrat la. Se pou ou gen bon repitasyon nan lavil Betleyèm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Lè sa a, tout notab vil yo ak tout lòt moun ki te la yo reponn, yo di: “Nou temwen! Se pou SENYÈ a beni madanm sa a ki pral antre lakay ou a, menm jan li te beni Rachèl ak tout Leya ki se manman pèp Izrayèl la. Se pou non w vin gran nan tout Efrata epi se pou tout lavil Bètleyèm tande moun k ap pale de ou.

Gade chapit la Kopi




Rit 4:11
24 Referans Kwoze  

Alò, Ephron te chita pami fis a Heth yo. Ephron, Ethyen an, te reponn Abraham nan prezans fis a Heth yo, menm tout moun yo ki t ap antre nan pòtay vil la. Li te di:


Yo te beni Rebecca, e te di li: “Ke ou menm, sè nou, kapab devni manman a dè milye de dizèn de milye, e ke desandan ou yo kapab posede pòtay a sila ki rayi yo.”


Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel.


Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a? “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”


Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.”


fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon,


fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin;


Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a.


Salma, papa a Bethléem; Hareph, papa a Beth-Gader.


Men koute, nou te tande koze sa a nan Éphrata, nou te twouve l nan plèn Jaar a.


Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.


Mari li byen rekonèt nan pòtay lavil yo, lè l chita pami ansyen a peyi yo.


Mwen te siyen e mete so sou papye tè a, te rele temwen, e te peze ajan sou balans pou bay.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


“E ou menm, Bethléem, peyi Judée, ou pa manke valè pami chèf Judée yo: paske yon Gran Chèf k ap sòti nan ou menm, Li va vin yon bèje pou pèp Mwen an, Israël”.


“Men si nonm nan pa vle pran madanm frè li a, alò, madanm frè li a va monte vè pòtay kote ansyen yo e di: ‘Frè mari mwen an refize etabli yon non pou frè li an Israël. Li pa dakò pou fè devwa a frè mari mwen.’


alò, madanm frè li a va vin vè li devan zye a ansyen yo, li va retire sandal li nan pye li, ekrache nan figi li; epi li va deklare: ‘Se konsa sa fèt a mesye ki pa bati kay frè li.’


Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite