Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 3:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lè Boaz te fin manje ak bwè, kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Lè Bòz fin manje, lè li fin pran ti bwason li, li vin yon ti jan ge. L'al kouche bò yon pil pay lòj epi dòmi pote li ale. Lè sa a, Rit pwoche tou dousman, li leve pwent dra ki te kouvri pye li epi li kouche la bò kote li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Apre Bowaz te fin manje, li bwè, kè l kontan, l al kouche bò kote yon gwo pil grenn lòj ki te fin bat. Rit avanse sou pwent pye, li dekouvri pye Bowaz, epi li kouche.

Gade chapit la Kopi




Rit 3:7
18 Referans Kwoze  

Li te pran pòsyon manje pa yo sòti nan pwòp tab li, men pòsyon Benjamin an te senk fwa plis ke tout lòt yo. Epi yo te manje e bwè, e fè kè kontan avèk li.


Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”


Jézabel, madanm li te di li: “Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.”


Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,


e diven ki fè kè a lòm kontan an, pou li kab fè figi li klere ak lwil, ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.


Yon gwo tab manje fèt pou yo rejwi yo, diven pou fè kè kontan; epi lajan se repons pou tout bagay.


Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.


Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.


Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.


Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.


Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a.


Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.


Pandan yo t ap fete, veye byen, mesye lavil yo, kèk sanzave, te vin antoure kay la. Yo te kòmanse frape pòt la, epi yo te pale avèk mèt kay la, granmoun nan, e te di: “Mennen fè sòti nonm ki te antre lakay ou a pou nou kapab gen relasyon seksyèl avèk li.”


Konsa, toude te chita manje e bwè ansanm; epi papa a fi a te di nonm nan: “Souple, vin dakò pou pase nwit lan e fè kè ou kontan.”


Lè nonm nan te leve ansanm avèk mennaj li ak sèvitè li a, bòpè li te di li: “Men gade, jou a prèt pou rive; souple, pase nwit lan isit la pou kè ou kapab kontan. Epi demen ou kapab leve bonè pou vwayaje ale lakay ou.”


Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo.


Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman sanse yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite