Rit 3:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen13 Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.” Gade chapit la1998 Haïtienne13 Ou mèt rete pase nwit lan la. Denmen maten, m'a chache konnen si li vle pran reskonsablite a sou do li. Si li dakò pou li pran li, m'a byen kontan. Si li pa vle, enben mwen sèmante devan Bondye vivan ki nan syèl la, m'ap pran li mwen menm. Koulyeya, rete kouche la jouk denmen maten. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil13 Rete la, pase nuit la. Demen maten, m ap mande l si l vle pran responsablite a. Si l deside fè sa, pa gen pwoblèm. Men, si l pa vle, mwen pwomèt ou devan Bondye m ap fè sa mwen menm. Rete la jiskaske li jou.” Gade chapit la |