Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Rit 1:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men, antan yo sou wout, Nawomi di bèlfi li yo konsa: — Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Men, pandan yo nan wout la, Nawomi di de bèlfi li yo: “Se pou nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Se pou SENYÈ a beni nou fè nou gras, menm jan nou te aji byen ak mwen ansanm ak de pitit gason m yo ki pa la ankò.

Gade chapit la Kopi




Rit 1:8
14 Referans Kwoze  

Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li.


Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”


Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.


Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.


Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a.


Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda.


Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.” Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye.


Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv.


Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite