Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Rit 1:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske Toupwisan an te aji byen anmè avè m.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Nawomi reponn yo: — Tanpri, pa rele m Nawomi. Pito nou rele m Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m soufri anpil.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Nawomi di yo: “Pa rele m Nawomi. Rele m Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè lavi m vin anmè anpil.

Gade chapit la Kopi




Rit 1:20
16 Referans Kwoze  

Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.


Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.


Mwen te kalme nanm mwen jis rive nan maten. Tankou yon lyon—se konsa Li kraze tout zo m, soti lajounen jis rive lannwit, ou fè yon fen ak mwen.


Mwen te aflije e prèt pou mouri depi nan jenès mwen. Pandan mwen soufri gwo laperèz Ou yo, mwen distrè nèt.


Paske mwen te twouble tout lajounen e te resevwa chatiman chak maten.


alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò, e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.


“Gade byen kijan nonm ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.


“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye? Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?


Mwen te parèt a Abraham, Isaac, avèk Jacob, kòm Bondye Toupwisan an, men pa pwòp non Mwen, SENYÈ a, Mwen pa t janm fè yo rekonèt Mwen.


Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”


Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li.


“Mwen se Alfa a e Omega a,” di Senyè Bondye a: “Sila ki la, ki te la, e ki va vini an, Toupwisan an.”


Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara.


Li pa lèse m pran souf, men fè m debòde ak sa ki anmè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite