Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Rit 1:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Nawomi di l konsa: — Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen l'al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l'ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l non!

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Nawomi di Rit: “Ou wè, men bèlsè ou kase tèt tounen lakay li pou l al sèvi pwòp dye pa li yo. Fè sa tou, ale avèk li.”

Gade chapit la Kopi




Rit 1:15
16 Referans Kwoze  

Èske nou pa posede deja sa ke Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li.


sila ki te vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”


Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.” Men Élisée te di: “Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.


Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”


Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.


Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa; e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”


Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li te fè tankou Li t ap prale pi lwen.


Men pou sila ki vire akote pou chemen kwochi pa yo, SENYÈ a va mennen yo sòti avèk sila ki fè inikite yo. Ke lapè rete sou Israël.


Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon.


Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo.


Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li.


Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m.


Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite