Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Rit 1:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m trist pou ka nou yo. Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 eske n'ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k'ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m mal anpil pou nou. Men Senyè a fè m twòp lapenn dejà.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 nou panse nou t ap rete tann yo grandi pou yo marye avèk nou? Èske nou t ap ka rete tout tan sa a san marye? Non, pitit fi mwen yo. Nou pa oblije soufri menm jan avè m. Sevre, se men SENYÈ a menm ki vire kont mwen.”

Gade chapit la Kopi




Rit 1:13
11 Referans Kwoze  

Alò Juda te di a bofi li, Tamar: “Rete kòm vèv lakay papa ou jiskaske fis mwen an, Schéla fin grandi.” Paske li te reflechi: “Mwen pè pou li menm tou pa ta kapab mouri menm jan ak frè li yo.” Epi Tamar te ale viv lakay papa li.


“Gen pitye pou mwen, gen pitye, O nou menm ki zanmi mwen yo, paske men Bondye vin frape mwen.


Paske lajounen kon lannwit, men Ou te lou sou mwen. Fòs mwen te epwize vin bese tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan


Paske flèch Ou yo fin antre fon anndan m, epi men Ou fin peze m.


Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.


Nenpòt kote ke yo te ale, men SENYÈ a te kont yo pou mal, jan SENYÈ a te pale yo a, jan Li te sèmante a yo a. Konsa, vrèman yo te vin gen gwo pwoblem.


Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis,


Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li.


Mwen te sòti plen, men SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?”


Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite