6 Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
6 Kite sòt! Vin aprann lavi! Vin mache nan chemen konesans.
Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
Mwen te dirije ou nan chemen sajès la; mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
“Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.
Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.
Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.
Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi e resevwa lonè devan SENYÈ a.
Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
Koute byen, O fi, prete atansyon e panche zòrèy ou. Bliye pèp ou a avèk lakay papa ou.
Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi; men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.
pou yo ka mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.
“‘“Sèvitè Mwen an, David va wa sou yo e yo tout va gen yon sèl bèje. Yo va mache nan règleman Mwen yo, e yo va kenbe lalwa M yo, e yo va swiv yo.