Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Pwovèb 8:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske bouch mwen va eksprime verite; epi mechanste vin abominab a lèv mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Sa m pral di la a se verite. Mwen pa kapab bay manti.

Gade chapit la Kopi




Pwovèb 8:7
13 Referans Kwoze  

Bouch a moun dwat yo va eksprime sajès, epi lang li va pale jistis.


Jésus te reponn e te di yo: “Menmsi Mwen pote pwòp temwayaj pa M, temwayaj Mwen vrè, paske Mwen konnen kote Mwen sòti, e kote M ap prale, men nou pa konnen kote Mwen sòti, ni kote M ap prale.


Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.


Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a; men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.


“A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa:


Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”


Paske Lalwa te bay pa Moïse, men nou te resevwa gras ak verite pa Jésus Kris.


Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.


Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo. Yon ki pafè nan konesans se avèk ou.


Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.


Se abominab pou wa yo komèt zak mechan, paske yon twòn etabli sou ladwati.


Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite