19 Fwi mwen pi bon ke lò, menm lò pi. Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
19 Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan.
Lang a moun dwat yo se tankou ajan pi chwazi a; men kè a mechan an vo piti.
Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan, e pwofi li pi bon ke lò fen.
Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
Pran konsèy mwen olye ajan, e konesans olye pi chwa nan lò pi.
Lò pi pa egal ak valè l, ni ajan pa kab peze kon pri li.
Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l; ni li pa kab valorize an lò pi.
Mwen mache nan ladwati, nan mitan wout lajistis yo,
A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.